Sa KORECOMM Ye ?

KORECOMM se plis pase yon non — se yon mouvman mantalite, yon batman kè lespwa pou Ayiti.

Kiyès nou ye

Nou se yon rezo moun ki kwè nan kore youn lòt, bati jenerasyon ki pran responsabilite pou kreye pwòp avni li.

KORECOMM se premye platfòm motivasyon ak chanjman mantalite nan lang kreyòl, pou jèn Ayisyen ak dyaspora a.
Se yon espas kote lespwa leve, panse chanje, epi rèv pran fòm.

Misyon nou se mete lespri moun an mouvman — pou w leve tèt ou, bati disiplin, epi kreye pwòp chanjman ou.

KORECOMM pa yon òganizasyon, Nou pa nan politik.
Se yon mouvman endepandan ki kwè nan fòs pawòl pozitif, aksyon, ak mantalite “Kore Yon Lòt Mantalite.”

Objektif final nou se bati jenerasyon ki panse diferan, ki aji ak lanmou, epi ki kwè Ayiti kapab leve.

Misyon

Pote limyè kote gen dout; fòme lespri & lidèchip; ankouraje kreyativite; sipòte inisyativ lokal.

Vizyon

Yon Ayiti kote “Kore youn lòt mantalite” se fason pou viv.

Valè nou yo

01.
Respè

Nou onore diyite chak moun.

02.
Disiplin

Ti abitid yo fè gwo rezilta.

03.
Travay

Pawòl pa sifi; nou aji.

04.
Inite

Ansanm nou pi fò.

05.
Verite

Nou pale klè, nou aji klè.

06.
Lespwa

Chwa n fè chak jou.

Istwa kout

KORECOMM te kòmanse ak yon rèv: chanjman pa yon moun sèl, men yon pèp ki leve youn lòt.
KORECOMM
Fondatè
Scroll to Top