Poukisa mwen kreye KORECOMM?

ISTWA ANNDAN M KI TE FÒME MISYON AN

Dezyèm Blog Ofisyèl sou KoreComm.xyz

Mwen pa t fèt ak tout repons yo.
Mwen pa t grandi ak direksyon klè.
Men depi m te tou piti, lavi te montre m yon verite:

Lè ou pa gen anpil, ou aprann kreye.
Lè ou pa gen moun pou w depann sou yo, ou aprann depann sou tèt ou.

Mwen te viv sitiyasyon kote:

  • pa t gen manje, men mwen pa t plenyen
  • pa t gen sipò, men mwen te fòse aprann
  • pa t gen opòtinite, men mwen te jwenn fason pou amelyore lavi m
  • mwen te santi m inyore, men mwen pa t kite sa kraze nanm mwen

Mwen aprann travay depi m te timoun:
mwen te aprann fè nas bambou, mwen te aprann pechè, mwen te aprann navige yon ti bato poukont mwen.

Se pa paske yon moun te fòse m.
Se paske mwen te vle ede.
Mwen te vle kanpe.
Mwen te vle sipòte fanmi mwen.

Depi lè sa, mwen te konprann yon bagay fondamantal:

Yon moun ki vle avanse pa chita ap tann – li kreye pwòp chemen li.

LAVI KOTINYE FÒME M

Jodi a, lè mwen gade dèyè, mwen wè yon modèl klè:

  • obstak mwen yo te fòme disiplin mwen
  • mank mwen yo te fòme kouraj mwen
  • rejè mwen yo te fòme fòs mwen
  • doulè mwen yo te fòme misyon m
  • gerizon mwen te ouvri je m sou potansyèl lòt moun

Tout etap sa yo te pouse m chèche repons ki pi pwofon.
Se konsa mwen te kòmanse li anpil liv, tande anpil liv odyo dijital, epi aprann leson sou mantalite, disiplin ak siksè.

Nan yon sezon lapriyè, mwen mande Bondye:

“Kisa ou te kreye m pou m fè?”

Yon jou, pandan m t ap kondwi anba yon tinèl,
mwen tande yon vwa ki di:

“Ou te kreye pou ede moun ki pa ka ede tèt yo.”

Vwa a te tèlman klè…li te rezone nan fon nanm mwen.
Se lè sa a tout bagay te vin gen sans.

POUKISA KORECOMM?

Paske mwen wè twòp jèn k ap viv menm batay mwen te viv yo:

  • batay ak dout
  • batay ak ansyen mantalite
  • batay ak mank sipò
  • batay ak limit yo pa merite
  • batay ak yon sistèm ki pa janm prepare yo

Mwen wè tèt mwen nan yo.

Mwen wè timoun mwen te ye a… nan chak jenn gason ak jenn fi k ap chèche direksyon.**

Men diferans lan se sa:

Mwen te pran aksyon.

Mwen te revolte kont limit yo te mete sou mwen.
Mwen te travay pou m kraze chenn nan tèt mwen.
E jodi a, mwen konprann youn nan pi gwo laverite lavi a:
Mantalite w ka chanje sa w ye.

Mwen te kraze baryè m yo…

Jodia mwen santi se devwa mwen pou ede w kraze pa w yo.

Se devwa mwen pou ede w dekouvri kapasite ki deja anndan ou.
Se devwa mwen pou ede w “ouvri lespri w,” menm jan mwen te fèl pou tèt mwen.

KORECOMM se repons mwen pou tout sa lavi te anseye m:

  • disiplin mwen te bati
  • rezilyans mwen te devlope
  • konfyans mwen te konstwi
  • vizyon mwen te ouvri
  • leson ki te touche nanm mwen

KORECOMM egziste paske:

Nou pa ka chanje Ayiti si nou pa chanje mantalite nou.
Nou pa ka sove jèn yo si nou pa sove lespri yo.
Nou pa ka kreye yon avni si nou pa kraze ansyen baryè yo.

KORECOMM se pa yon pwojè — se yon pwomès

Yon pwomès mwen fè ak tèt mwen,
ak Bondye,
ak kominote kote m soti a,
ak tout jenerasyon k ap vini yo.

Mwen p ap kite lapèrèz, limitasyon, jalouzi, ak vye mantalite kontinye kraze rèv jèn yo.

KORECOMM se fason pa m pou mwen retounen kote mwen soti a.
Se fason pa m pou m kore pèp mwen an.
Se fason pa m pou m sèvi misyon m.

KORECOMM fèt apati istwa pèsonèl mwen, men li egziste pou l vin yon zouti pou libere lespri tout jèn yo,
tout gason ak tout fanm ki pare pou kase chenn, leve tèt yo, epi ekri yon nouvo istwa.

Kore Yon Lòt Mantalite 🥷

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Scroll to Top