Vin Angaje.
Kore Mouvman an.
KORECOMM se yon mouvman mantalite ki fòme jèn ak kominote yo pou demen miyò.
Poukisa w sipòte KORECOMM
Mantalite
Chanje fason jèn yo panse sou tèt yo ak avni yo.
Edikasyon
Fòmasyon, resous, ak kontni ki ede aprann chak jou.
Teknoloji
Aksè dijital pou konekte, aprann, epi ouvri pòt ak rès mond lan.
Kilti
Mizik. Istwa. Idantite. Nou ini pou n leve ansanm.
3 Fason pou sipòte KORECOMM
Chak sipò ede yon jèn leve tèt li epi bati yon mantalite pozitif.
Vin yon Koreyan
Antre nan gwoup WhatsApp la, patisipe nan diskisyon ak aktivite yo.
Vin patnè medya
Òganizasyon oswa biznis ka sipòte lojistik, ekipman, espas, oswa fòmasyon.
Sipòte misyon an
Sipoòte kote bezwen yo pi ijan: fòmasyon, materyèl, pas rezo, sekirite evènman.
Transparans & Enpak
Chak kontribisyon konte. Nou pibliye rezime enpak yo regilyèman: fòmasyon, èdtan sèvis, ak inisyativ ki rive nan fas pilòt/lansman.
Kesyon yo poze nou souvan
Kisa KORECOMM ye?
KORECOMM se yon mouvman mantalite ak fòmasyon pèsonèl ki vize ede jèn ak kominote Ayiti chanje fason yo panse ak bati demen.
Kisa KOREYAN vle di?
Nenpòt moun ki kwè nan vizyon an, ki vle aprann, grandi, epi ede lòt yo.
Èske pou peye pou vin KOREYAN?
Non. Li gratis. Ou jis bezwen angaje w, aprann, epi patisipe.
Ki jan mwen kapab ede?
Ou ka patisipe, pataje videyo yo, rantre nan gwoup la, oswa fè yon kontribisyon.
Èske KORECOMM se yon òganizasyon?
Non. Se yon platfòm mantalite ak devlopman pèsonèl ki fèt pou edike, enspire, epi konekte jèn yo.
Ki kote don yo ale?
Don yo sèvi pou sipòte pwojè jèn yo, pwogram fòmasyon, sipò kominotè, ak devlopman platfòm la. Transparans se yon prensip kle.
