Kiyès ki KOREYAN ?

KOREYAN se jenerasyon ki chwazi leve tèt yo... epi chwazi leve lòt.

Kiyès ki KOREYAN vrèman?

KOREYAN se pa yon paspò. Se pa yon papye. Se pa yon tit ou achte. KOREYAN se angajman, se lavi, se misyon.

Si KORECOMM te yon nasyon, sitwayen li yo t ap rele KOREYAN. Se moun ki leve lè yo tonbe, ki kenbe menm lè lavi lou, ki kwè nan inite epi ki pote limyè kote gen fènwa.

KOREYAN pa tann mirak soti deyò, KOREYAN bati mirak la ak men, ak kè, ak vizyon.

KOREYAN leve lòt. KOREYAN kenbe rasin. KOREYAN pote flanm espwa pou yon Ayiti ki merite pi plis.

Prensip KOREYAN

Respè

Nou onore diyite chak moun.

Disiplin

Ti abitid yo fè gwo rezilta.

Travay

Pawòl pa sifi; nou aji.

Inite

Ansanm nou pi fò.

Verite

Nou pale klè, nou aji klè.

Lespwa

Chwa n fè chak jou.

Poukisa pou w vin KOREYAN?

Li gratis. Li senp. Se yon angajman mantalite. Chak KOREYAN pote yon flanm, epi ansanm yo limen yon nouvo chemen pou Ayiti.

Mantalite Pozitif

Ou rantre nan yon mouvman ki leve ou chakj ou.

Zouti pou Avanse

Ou jwenn videyo, leson ak diskisyon ki transfòme w.

Idantite & Pètinans

Ou vin yon pati nan yon misyon ki depase w.

Kijan pou vin yon KOREYAN?

Pa gen frè pou peye. Sa nou mande, se kè w, enèji w, ak angajman w pou chanjman.

Antre nan gwoup WhatsApp la

Vin yon pati nan kominote a. Patisipe nan diskisyon, pataje ide, resevwa motivasyon chak semè.

Abòne ak chèn YouTube la

Rete motive, rete enspire, epi aprann nouvo leson mantalite ak videyo KORECOMM yo.

"Nou se jenerasyon ki pap lage.
Nou pote flanm nan. Nou pote espwa a.
Nou se KOREYAN."

Sa se pawòl nou. Sa se fondasyon nou.

Videyo ofisyèl: "Nou se KOREYAN"

Yon mesaj fò ak pwofon ki eksplike esans ak misyon mouvman an.

“Nou Kore Yon Lòt Mantalite. Nou Kore Youn Lòt. Nou se KORECOMM. Nou se KOREYAN.”

Scroll to Top