An n Rete Konekte
Kominikasyon se baz tout chanjman.
Si w gen kesyon, ide, oswa w ta renmen patisipe, kontakte ekip KORECOMM.
Nou reponn an mwayèn nan 24–48 èdtan.
Imèl
Kontak dirèk ak ekip KORECOMM pou kolaborasyon, patenarya, oswa kesyon jeneral.
Antre nan kominote KOREYAN-an pou resevwa nouvèl, enspirasyon, ak chans pou patisipe nan pwojè nou yo.
Voye yon mesaj
Ranpli fòm sa a si w gen kesyon, sijesyon, oswa w bezwen kontakte ekip la. Nou reponn pi vit posib.
Kesyon yo poze nou souvan
Kisa KORECOMM ye?
KORECOMM se yon mouvman mantalite — yon platfòm edikasyon, enspirasyon ak devlopman kominotè pou jèn Ayiti ak dyaspora a.
Eske KORECOMM se yon òganizasyon?
Non. KORECOMM pa yon òganizasyon politik oswa ONG. Se yon mouvman endepandan ki la pou chanje fason nou panse, aji, epi bati yon jenerasyon ki kwè nan tèt li.
Ki sa KOREYAN vle di?
Yon KOREYAN se nenpòt moun ki kwè nan chanjman, epi ki leve pou kore lòt yo ak yon mantalite pozitif.
Kijan mwen ka patisipe?
Ou ka rantre nan gwoup WhatsApp la, swiv nou sou YouTube, voye kesyon oswa lide, epi patisipe nan pwojè kominotè nou yo.
Ki kalite pwojè oswa inisyativ KORECOMM ap devlope?
KORECOMM ap travay sou pwojè mantalite, fòmasyon pratik, edikasyon jèn yo, teknoloji, ak pwojè kominotè.
